Haitian Creole Bible

Amos 5

Amos

Return to Index

Chapter 6

1

 ¶ Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di: 

2

 Al gade sa k'ap pase lavil Kalne. Apre sa, ale pase bò gwo lavil Amat la. Lèfini, desann kay moun Filisti yo lavil Gat. Eske zafè yo pi bon pase zafè peyi Jida ak zafè peyi Izrayèl? Eske peyi yo a pi gran pase pa nou yo? 

3

 N'ap twonpe tèt nou, nou refize admèt jou malè a fin rive sou nou. Men, se nou menm ankò k'ap rale malè sou peyi a. 

4

 Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf! 

5

 Y'ap plede ranse pandan gita ap jwe. Yo kwè yo jwe mizik tankou David. 

6

 Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo. 

7

 Se poutèt sa, premye moun y'ap depòte se yo menm. Sosyete moun k'ap fè banbòch yo va disparèt. 

8

 ¶ Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l'. 

9

 Si gen dis gason nan yon kay ki rete, y'ap touye yo. 

10

 Lè yon fanmi moun mouri a va vin pran kadav la anndan kay la pou li al antere l', l'a pale ak moun ki nan fon kay la, l'a mande: Eske gen moun la ankò ak ou? Yon vwa va reponn: Non, pa genyen. Lè sa a, l'a di: Pe bouch nou! Pa nonmen non Bondye nan bagay sa a! 

11

 Men lòd Seyè a bay: Y'ap kraze gwo kay yo an miyèt moso. Y'ap demoli ti kay yo. 

12

 Eske chwal ka kouri sou glasi? Eske moun ka raboure lanmè avèk bèf? Men nou menm, nou fè lajistis tounen pwazon, nou fè inonsan pase pou koupab. 

13

 Nou fè kè nou kontan paske nou pran lavil Lodeba. N'ap plede di: O wi, se avèk fòs kouraj nou nou pran kòn lan. 

14

 Men sa Seyè a, li menm ki Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Nou menm, moun Izrayèl, m'ap fè yon nasyon leve dèyè nou. Wi, se mwen menm menm k'ap fè sa, yon nasyon k'ap pran peyi a nan men nou, yon nasyon ki pral peze nou depi nan pas Amat nan nò rive jouk ravin Araba nan sid. 

Amos 7

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: